Blòg
Google an patenarya ak Kaw Academy Lanse yon Pwogram Diplòm Pwofesyonèl pou jèn pwofesyonèl Ayisyen
- 16/12/2024
- Afiche pa: Mike Bellot

Yon Opòtinite Inik pou Devlope Karyè ak Sètifika Pwofesyonèl Google
Nan yon inisyativ ki ka chanje lavi Ayisyen, Kaw Academy ansanm ak Google anonse lansman yon pwogram diplòm pwofesyonèl ki vize devlope konpetans nan kèk nan domèn ki pi mande nan mache travay mondyal la. Pwogram sa a pral ofri diplòm pwofesyonèl nan sèlman 3 mwa pou jiska 200 patisipan ki vle avanse nan karyè yo Gratis . Pwogram diplòm sa yo kouvri sis domèn esansyèl:
- Maketing Dijital ak E-commerce
- Jesyon Pwojè
- Sipò IT
- Sekirite Cybernétique
- UX Design
- Analiz Done
Pwogram nan fèt pou ofri konpetans pratik, anseye pa ekspè Google ki gen plizyè ane eksperyans nan endistri yo. Li pa mande diplòm inivèsite oswa eksperyans anvan, kidonk li ouvè pou nenpòt moun ki vle fè yon chanjman pozitif nan lavi yo.
Pou Kimoun Pwogram sa a Ye?
Pwogram sa a fèt pou:
- Jèn ki ap chèche travay nan domèn teknoloji.
- Travayè ki vle chanje karyè epi antre nan yon nouvo domèn ki gen plis opòtinite.
- Moun ki pa gen yon diplòm inivèsite men ki vle devlope konpetans pwofesyonèl yo.
- Pwofesyonèl k ap chèche amelyore konpetans yo nan mache travay konpetitif la.
Yon Fòmasyon pou Chanje Lavi
Pwogram diplòm sa yo ka pote yon chanjman reyèl nan lavi patisipan yo. Konpetans yo aprann nan fòmasyon sa yo ap pèmèt yo jwenn djòb ki byen peye, ogmante opòtinite karyè yo, epi reyalize plis sekirite ekonomik. Nan yon moman kote anpil moun ap chèche mwayen pou amelyore lavi yo, opòtinite sa a se yon pa kle nan direksyon pwogrè.
Yon diplom pwofesyonèl Google ouvè pòt nan plizyè domèn kote teknoloji ap domine, tankou analiz done, sekirite cybernétique, ak maketing dijital. Sa vle di patisipan yo ka jwenn djòb avèk konpayi lokal ak entènasyonal, menm travay adistans avèk konpayi nan lòt peyi.
Kondisyon ak Pwosesis Enskripsyon
Pou patisipe nan pwogram nan, ou dwe:
- Fini yon kou epi resevwa sètifika sou Kaw Academy ki anrapò ak diplòm ou vle pouswiv la. ( siw pako pran kenn kou klike sou lyen sa pou ale esnkri , pran nan kou ki disponib yo . Klike sou lyen sa )
- Pataje sètifika ou an sou rezo sosyal tankou Facebook, Instagram, oswa LinkedIn.
- Fè yon screenshot nan pòs ou a epi voye li nan WhatsApp nan nimewo: +1 (206) 825-3606. Apresa wap resevwa lyen pou ou enskri an
- Ranpli fòmilè enskripsyon epi tann yon konfimasyon nan imel ou pou di kew seleksyone.
Pwogram nan pral kòmanse 5 Janvye 2025 epi fini 5 Avril 2025, ak yon seremoni gradyasyon ki prevwa pou 25 Avril 2025. Enskripsyon yo komanse , Pye kout pran devan!
Se youn nan pi bèl pwojè m ap swiv pou ane a.
Objet : Candidature pour la formation en analyse de données
Monsieur/Madame,
Je me permets de vous adresser ce message pour exprimer mon vif intérêt à intégrer votre formation en analyse de données.
Diplômé en sciences comptables et en sciences de l’éducation, je suis passionné par les outils technologiques, en particulier les logiciels d’analyse statistique. J’ai déjà acquis un niveau intermédiaire dans l’utilisation de SPSS et STATA, mais je souhaite approfondir mes connaissances afin de renforcer mes compétences et mieux répondre aux exigences du monde professionnel.
Je suis convaincu que cette formation me permettra de perfectionner mes aptitudes analytiques et de contribuer de manière significative à la résolution de problématiques complexes dans mes domaines d’expertise.
Je reste disponible pour toute information complémentaire ou pour un entretien afin de discuter de mes motivations.
Dans l’attente d’un retour favorable, je vous remercie pour l’attention portée à ma candidature.
Cordialement,
JOASSAINVIL Fedelin
Diplômé en sciences comptables et sciences de l’éducation
Mwen byen kontan Kawa ofri nou opotinite sa
Salut tout moun,pa neglije sezi opòtinite kaw akademi ba nou an,menm ke pwoblèm koneksyon banm pwoblèm mw fè mye
Mwen remesye chak moun ki mete tet yo ansanm pou onisyativ sa e mw vle fe pati de moun kap pran kou sa.
Bon travay
Mwen remèsye e felisite staff la pou bel initiative sa.se bel opòtinite pou mw.1
1SVP me ta renmen enskri pou maketing digital la .
Ak Kaw Academy se bon jan konesans san kanpe
Mwen vle swiv kou kesyon pwojè a
Avèk KAW se konesans nèt ale pou yon nouvèl AYITI 📝📓
Merci ak kawa mw aprann ampil bagay
Mwen vle swiv kou jesyon pwojè a.
Mèsi kawa
Mèsi Kawa pou opòtinite ou bay jèn yo kap itil nou a lavni
Mwen pa sispann remèsye Mike Bellot pou si bèl inisyativ sa a, mwen espere map jwenn chans mwen pami 200 moun sa yo 🙏🏾
Mwen deja fini ak Maketing lan pwobèm siyal fèm kòmanse lòt menm poko ka fini yo donk nap tann TABLÈT la ak fòs 👌
Hi there, mwen vle swiv kou UX design lan
Mwen vle patisipe nan program diplom nan
Bonjour mwen se Yon étudiant nan kaw academy mwen ta renmen poursuivre pwogram yo
Mwen fe tout etap yo mw voye screenshot la mw poko jwennn link lan deja merciii pou bel travay sa.
Nap tann li e nap mache ak Kawa
Kawa pou toutan
Hyper bien
Hello
Kijan nou ye ? Mte eseye mete numero nou te di pou voye kapti ekran sètifika yo malerezman numero a paka monte sou whatsapp
Eske pa gen lòt moyen mka fè sa ? Paske mvle patisipe nan pwogram diplom lan
M ta renmen swiv kou jesyon pwojè.
Kijan Mwen ka enskri .
Kawa vole Al chèche epi vin depoze nan lespri Nou lakonesans
Kawa aide les jeunes à se créer une autre voie afin de contrecarrer celle qui mène à une destruction sociale du pays
Kawa aide les jeunes à se créer une autre voie afin de contrecarrer celle qui mène à une destruction sociale du pays.
Merci Kawa.
Mwen vrèman enterese de kou a
M ta renmen swiv kou jesyon pwojè.
Kawa academy ,vin pran fòmasyon paw la pou. Ka ogmante konesans ou .
Bon travay.
E. Mwen ta renmen jwenn kou sou kreye kat debi ak kredi. entènasyanal. Tankou ” visa, Master cars.”
Mw kontan Pou etidye avèk nou Nan kawa academy.mèsi Paske nou akepte m pami nou e felisitasyon Pou gwo travay sa.
Kawa pou yon demen meyè
Mwn vle aprann ak Kawa!
Se yon gwo opòtinite Kawa ak patnè li Google pote pou Nou menm jèn nan 5 program sa, Nou patka tann ankor antanke jèn poun jwenn fòmasyon sa yo gras ak sipò Nou. Deja mèsi sofke mwen ta renmen jwenn yon fòmasyon de baz Nan Sekirite Cybernetique
Merci KAWA Mwen Gentan pran plis pase 5 setifika déjà
Mwen pa gen mo pou m ta Di nou mesi
Espesyalman Me Bellot
Mèsi pou kalite platfòm fòmasyon an kreyòl Ayisyen sa a. M te kontan genyen anviwon twa sètifika.
Map kontan fè pati moun kap jwenn chans swiv bèl fòmasyon sayo tou…
Posiblite pou moun enskri a sanble pa ko disponib tou paske m eseye sa pako mache….
Avek kaw academy se konesans nan konfò u
Map tann process sa ak enpasyans
Mw voye screenshots pam yo ale men mw poko janm jwenn okenn repons non… Note ke mw se yon notab.
Kawa bon bagay ak kawa tout jenn fi kou jenn gason gn yo metiye
Mwen vle swiv kou a Mwen trè kontan
Avec Kaw Académique connaissances plus et dans confort bien clair et précis félicitations aux staff de Kaw Académique.
Jestyon pwojè
Map di chapo ba pou Mr MIKE ki pa sispann bouske opòtinite sitou pou Ayityen parey li.
Mwen espere anpil jènn menm jan avem ap kontinye aprann nan konfò yo ak KAW ACADEMY.
Mwen deja inscri menm le poko jwenn rep
Mwen entèrese
Ak kaw academy mwen vle aprann yon nouvo mette…
M vle inskri wi
KAWA yon demen asire ak bon jan fomasyon
Kawa ✌
Mesye Mike Bellot se yon fyète pou edikasyon jenes Ayisyen an
Depi yè mw fè tt sa nou di yo mpoko janm resevwa la email non
Mwen vle aprann digital marketing