Blòg
Google an patenarya ak Kaw Academy Lanse yon Pwogram Diplòm Pwofesyonèl pou jèn pwofesyonèl Ayisyen
- 16/12/2024
- Afiche pa: Mike Bellot

Yon Opòtinite Inik pou Devlope Karyè ak Sètifika Pwofesyonèl Google
Nan yon inisyativ ki ka chanje lavi Ayisyen, Kaw Academy ansanm ak Google anonse lansman yon pwogram diplòm pwofesyonèl ki vize devlope konpetans nan kèk nan domèn ki pi mande nan mache travay mondyal la. Pwogram sa a pral ofri diplòm pwofesyonèl nan sèlman 3 mwa pou jiska 200 patisipan ki vle avanse nan karyè yo Gratis . Pwogram diplòm sa yo kouvri sis domèn esansyèl:
- Maketing Dijital ak E-commerce
- Jesyon Pwojè
- Sipò IT
- Sekirite Cybernétique
- UX Design
- Analiz Done
Pwogram nan fèt pou ofri konpetans pratik, anseye pa ekspè Google ki gen plizyè ane eksperyans nan endistri yo. Li pa mande diplòm inivèsite oswa eksperyans anvan, kidonk li ouvè pou nenpòt moun ki vle fè yon chanjman pozitif nan lavi yo.
Pou Kimoun Pwogram sa a Ye?
Pwogram sa a fèt pou:
- Jèn ki ap chèche travay nan domèn teknoloji.
- Travayè ki vle chanje karyè epi antre nan yon nouvo domèn ki gen plis opòtinite.
- Moun ki pa gen yon diplòm inivèsite men ki vle devlope konpetans pwofesyonèl yo.
- Pwofesyonèl k ap chèche amelyore konpetans yo nan mache travay konpetitif la.
Yon Fòmasyon pou Chanje Lavi
Pwogram diplòm sa yo ka pote yon chanjman reyèl nan lavi patisipan yo. Konpetans yo aprann nan fòmasyon sa yo ap pèmèt yo jwenn djòb ki byen peye, ogmante opòtinite karyè yo, epi reyalize plis sekirite ekonomik. Nan yon moman kote anpil moun ap chèche mwayen pou amelyore lavi yo, opòtinite sa a se yon pa kle nan direksyon pwogrè.
Yon diplom pwofesyonèl Google ouvè pòt nan plizyè domèn kote teknoloji ap domine, tankou analiz done, sekirite cybernétique, ak maketing dijital. Sa vle di patisipan yo ka jwenn djòb avèk konpayi lokal ak entènasyonal, menm travay adistans avèk konpayi nan lòt peyi.
Kondisyon ak Pwosesis Enskripsyon
Pou patisipe nan pwogram nan, ou dwe:
- Fini yon kou epi resevwa sètifika sou Kaw Academy ki anrapò ak diplòm ou vle pouswiv la. ( siw pako pran kenn kou klike sou lyen sa pou ale esnkri , pran nan kou ki disponib yo . Klike sou lyen sa )
- Pataje sètifika ou an sou rezo sosyal tankou Facebook, Instagram, oswa LinkedIn.
- Fè yon screenshot nan pòs ou a epi voye li nan WhatsApp nan nimewo: +1 (206) 825-3606. Apresa wap resevwa lyen pou ou enskri an
- Ranpli fòmilè enskripsyon epi tann yon konfimasyon nan imel ou pou di kew seleksyone.
Pwogram nan pral kòmanse 5 Janvye 2025 epi fini 5 Avril 2025, ak yon seremoni gradyasyon ki prevwa pou 25 Avril 2025. Enskripsyon yo komanse , Pye kout pran devan!
Kawacademy se edikasyon nan tout konfò
KAW se yon sèl kout klè
Tout jèn kap viv Ayiti ou byen lòt bò Dlo dwe swiv yon kou sou Kaw paske li te enposib pou yon jèn ayisyèn viv eksperyans sa yo men nou genyen yon jèn gason ki se Mile Belot ooohhhh anfen
Banm Kaw mwen tout kote
Mwen kontan pou mwen patisipe nan nan famsyon sa
Bon bagay kawa
.
Kawa se edikasyon San baryè
Mèsi pou lot vizyon kawacademy pote pou sosyete a
Mèsi Mike Bellot vizyonè
Mwen gentan entèrese WI Mwen!
Kaw academy se limyè pou tout jenès sa e jenerasyon kap vini an
♥️
Avek kaw akademy se konesans san kanpe viv KAWA viv Ayiti
Mw toujou rete kwè ke Ayiti nou reve demen li posib, Kaw Academy se motè chanjman an.
Mwen vle enskri nan Análise donnée.
Mwen pran 3 sètifika deja nan kawacademy.com
Se vrèman yon bel opòtinite,mw vle sezil nan kaw academy
Mwen swiv fomasyon sou jesyon pwojè a ki anpatenarya ak Google la.
Épi mwen vle jwenn èd nou pou bay fomasyon nan kominote pam nan.
Nou se KAWA
Aprann nan konfò ou🔥🔥🔥🔥
Mwen pwan sètifika pam déjà
Mèsi kawa se Yon bèl inisyativ Mwen kontan fè wout la vèk Nou,apwann Lakay anm nan konfò.
Bon bagay
Mesi Kawa map viv yon lot experience avew
Mwen voye screenshots la nan numéro an menm poko jwenn okenn repons
Kaw Academy an se yon lot bagay, m pa regrèt kontre w sou wout profesyonel anm.
Map tann pou’m prolonje Jesyon Projè a, m te pran setifika a, kounya map tann diplôme nan konfò Mwen.
Mwen vreman kotan pou bèl inisyativ sa mesye Mike Bellot pran pou chanje lavi anpil jèn
Randevou an pa lot kote ke o somè
Merci pou staff Kawa
Mwen pran moman sa pou’m remèsye tout staff Kaw Academy pou si bèl travay sa ke li louvri pòt li pou favorize anpil jèn pou karyè profesyonèl yo
Mwen vrèman kontan e satisfèt de kou yo
Mwen pran 5 certificat deja sou site la. anpil repe pou tout ekip Kawacaemy an
Mta renmen jwen kou sou gestion projet
Profite oufri Têt ou konesans. Kawacademy vle edew pa fe neglijans.
Pot la ouvri pou tout Sak vle.
Map di mèsi ak tout ekip KAW ACADEMY an pou opòtinite sa. Nap aprann nan lang manman nou ak papa nou.
Pa gen anyen ki pi bèl ke sa. Bon bagay!🔥🔥🔥
Mèsi kawa pou sa’w fè nan lavi’m.
Svp kijan pou’m enskri nan kou kawa ak Google pral fè yaaa
Mwen totalman entèrese ak gran posibilite sa a
Bonswa! Mwen salye et Mwen felisite Kaw academy pou sa Mwen tande li fè deja e pou sa l’ap kontinye fè !
Mwen vle swiv Kou Maketing Dijital ak E-commerce.
Bonsoir , Mwen se Yon jeune ki pran inisyativ Poul fòme tèt li e Map di Mèsi AK ekip Kaw Academy pou bel travay sa
Se Youn nan pi bon Fason kote tout jèn kap aprann Yon bagay kap itilil yo pou demen.
Kile ap gen Yon lot konsa ankor
Kaw academy se bon bagay nèt
Mwen swiv kou UX design