KAWA yon platfòm Anliy pou revolisyone Fòmasyon a distans an Ayiti
- 01/06/2023
- Afiche pa: kawa
Nan yon peyi kote aksè a ledikasyon souvan difisil akoz baryè lang ak aksè a teknolojik ki limite, yon van chanjman ki reprezante yon revolisyon ap soufle. Ann mete ansanm pou nou akeyi KAw Academy, ki reprezante gwo van chanjman sa a nan domèn ledikasyon ayisyen an.
Kaw Academy Pran nesans apati Kou anliy Antreprenè Mike Bellot te mete disponib kite rele Mike Master Class, ki te lanse nan mwa Janvye 2024 la nan objektif pou bay aksè ak jèn peyi nou yon bourad sou antreprenarya. Angajman sila te pèmèt plis ke 35,000 jèn aprann antreprenarya epi resevwa sètifika yo nan premye klas lan, nan selman yon mwa. Fas a angouman sa a , Antreprenè Mike Bellot ak ekip li ak soutyen kominote li kreye nan premye kou an te pran reyisit sa tankou on siyal ki mande on entèvansyon byen rapid e nesesè. Se konsa, KAw Academy te rive kreye , nan lide pou ofri plis kou nan divès domèn , nan yon anviwònman aprantisaj ki plis enklizif.
Nou Chwazi non KAW la , paske li se Zwazo ki plis intelijan nan espès li an , ki gen kreyativite lakay li , epi ki gen kapasite pou repwodwi yon tach kew te montrel men non selman sa , li kapab itilize fason pali pou jwenn menm rezilta a .
Vizyon an se demokratize aprantisaj tout kote nan mond lan komanse pa Ayiti, fè li aksesib pou tout moun, kèlkeswa kote yo abite, sitiyasyon ekonomik yo, oswa orijin yo. Kaw Academy nan yon misyon pou tranfòme lavi moun gras ak yon edikasyon ki aksesib. Aksè a bon jan kalite edikasyon ka transfòme lavi ak louvri pòt pou anpil opòtinite. Se poutèt sa gen angajman ki pran pou kraze baryè yo epi bay solisyon aprantisaj inovatè pou tout kouch moun atravè lemond.
Inovasyon Teknolojik: Anplis de platfòm Wèb yo a , yo fè Itilizasyon intèlijans atifisyèl ak teknoloji chatbot, pou bay kou yo atravè WhatsApp, yon platfòm ke plis ke 3 milyon Ayisyen ap itilize , sa ap pèmèt yo simonte defi alnafabetizasyon dijital la ak rive touche plizyè milyon de itilizatè. Tout kou yo a fèt an kreyòl pou asire etidyan yo aprann nan lang matènèl yo , yon lang ke yo konpwann byen.
Kit ou se yon elèv k ap chèche elaji konesans ou, yon pwofesyonèl k ap chèche amelyore konpetans li, oswa yon òganizasyon ki vize amelyore fòmasyon anplwaye li yo, Kawa la pou sipòte ou a chak etap nan chemen an. Platfòm lan ofri yon pakèt kou, materyèl aprantisaj entèaktif, ak eksperyans aprantisaj pèsonalize pou satisfè bezwen inik ak objektif ou yo.
Bon ide
Ledikasyon an ayiti dwe pran yon lot etap donk se ap yn gwo opotinte pou nou poun an anrichi konesans nou
Elev
Mwen kontan paske,mwen se elèv kawacademey,ki banm posoblite pou m anrichi konesans mwen,nan maketin digital,kote ke mwn t limite nan kèk bagay mwn t toujou reve aprann koz mwayen ekonomik mw,kawacademey pote solisyon an pou mwn🥰🥰🥰🥰🥰
Bonswa kawa de Yon plezi pou mw la ak nou tanke aprantisaj non mw se cineus Lourmie mw Pase 3a4 kou paka jwenn setifika tout sam f paka jwenn li stp nou ka edem🙏🙏
Mw vle aprann Yon profesión nan program nan mēsi
bon travay
Mèci pou program nn .malgre m poko jwenn cètifika ,men bel formation mèci ak pwofesè Bellot
bonswa mta rnmn pran kou anliy sou kaw academy
Mw ta remen antes nn pogram nn ui
Bonjou mw salye nou em profisite pou inisyativ sa mw vle enskri poum ka aprann tanpri
Se Yon tou premye nan peyi ayiti. Mwen plis ke kontan pou sa
Se vrèman yon bon ide
bon travay …. avanse !!!!!
mwen vle pale angle
Bonswa kawa koman nou ye? Mwen ta renmen patisipe nan kou enliy sa wi kawa cademy koman map kapab intétegre sil vou plè?
Bonjour
yon program ki bien interessant kap formé ampil moun nan domaine commerce en liy ,bravo pou efo nou
mesi
Mwen vle patisipe nan kou an
M ta renmen pran yon kou enfomatik
Bonjou ou bonswa sa ta vle konnen kilè kou a kòmanse epi konbyen mwa pou ka aprann yonn nan kou sa yo
Konekte a kont mwn
Mwen vle deveni yn Makéte enligne AK yn entreprené
pri travay nap fe a pa mezire , mswete vizyon nou rive lwen.
Salut Kawacademy. Mw vle swiv yon enfómatik avek nou. Koman mw kapab fé sa silvouplé? Mési
Se yon bèl inisiyativ pou tout moun ki vle etidye ki pa gen mwyaen ak pou yo ale nan yon lekòl. Gwo kout chapo ba pou estaf la.
Pa gen mwayen ak tan
Bonswa
kijan mwen ka enskri souple?
Bonjou, Mwen kontan fe pati gwo Platfom sa, ki la pou ede tout moun. mesi.
Par quel moyen pouvez vous inscrire pour apprendre le marketing digital sur le kawa