Blòg
Evolisyon Fèt Gede: yon dinamik ant tradisyon rityèl ak ekspresyon kiltirèl modèn
- 01/11/2025
- Afiche pa: Mike Bellot

Nan dat 1e novanm chak ane, Ayiti antre nan yon peryòd espesyal nan kalandriye kiltirèl li: selebrasyon Fèt Gede. Tradisyon sa a, ki rasin li fon nan sistèm kwayans vodou ayisyen an, sèvi kòm yon moman refleksyon, memwa, ak koneksyon ak moun ki te pase avan yo nan lavi a.
Nan peryòd kolonyal ak premye ane repiblik la, pratik Fèt Gede te sitou santre nan simityè yo, kote fanmi ak kominote yo t al rann omaj bay defen yo ak zansèt yo nan dat 1e ak 2 novanm. Aktif nan espas piblik la, seremoni sa yo te melanje rit, mizik, dans, ak ofrann tradisyonèl.imityè.
An Ayiti, menm jan ak anpil lòt peyi, 1e ak 2 novanm, se dat yo fete epi rann omaj ak moun ki mouri. Plizyè fanmi pwofite dat sa yo pou depoze flè, koule kafe, bay chante mès fè priyè ak lòt pratik pou pwoch yo ki mouri. Nan okazyon sa, vodouyizan yo selebre espri Gede yo ki senbolize paradò ki gen ant lavi ak lanmò. Pami yo, nou kapab site Bawon yo ki se Bawon samdi, Bawon kriminel, Bawon lakwa elatriye. Nan kilti vodou a, Lwa yo se plizyè espri ki la pou sèvi epi pwoteje vodouyizan yo. Bawon yo reprezante premye moun ki te antere nan simityè yo.
Dewoulman fèt Gede
Chak1e ak 2 novanm, vodouyizan toupatou nan peyi a ale nan simityè pou yo fè gwo seremoni pou selebre gede yo. patisipan yo mete rad nwa ak mov ki senbolize kòmansman lavi ak transfòmasyon. Fet gede an Ayiti se yon selebrasyon ki rasanble tout vodouyizan nan kè kontan, chante, danse ak bat tanbou. Menm jan ak plizyè lòt relijyon , nan vodou genyen pretrès ak prèt : manbo pou fanm ak Ougan pou gason. Nan moman fèt Gede, Manbo ak Ougan yo dirije epi anime seremoni yo.
Fèt gede se youn nan pi gwo selebrasyon nan tradisyon ak kilti ayisyen an. poutan, nan je anpil moun, li rete yon fenomèn ki difisil pou konprann epi aksèpte akoz anpil pratik tankou konsomasyon piman ak kleren pandan rityèl yo.
Evolisyon fèt Gede
Nan tan lontan an Ayiti, fèt Gede yo te toujou konn fèt sèlman nan simityè, sitou nan zòn andeyò. Plis tan ap pase, plis fèt Gede ap evolye. Chak 1e ak 2 novanm, tout simityè piblik nan peyi a ranpli ak moun ki vin chante, danse pou fèt Gede yo. Nan dènye ane sa yo, fèt Gede vin pran yon dimansyon ki pi gran, ki pa limite sèlman ak yon seremoni nan simityè kote moun ap danse, chante epi konsome piman. Plizyè kominote vodouyizan ayisyen oganize festivite tankou sware, konsè, bal elatriye pou pèmèt fèt Gede yo pa selebre nan simityè sèlman.
Evolisyon sa lye anpil ak dimansyon relijyon vodou vin pran nan peyi Dayiti. Si lontan, anpil Ayisyen te konn pratike vodou an kachèt, jodia anpil Ayisyen nan diferan klas sosyal pratike vodou san kache. Anpil nan yo sèvi ak rezo sosyal pou fè pwomosyon pou vodou ak rityel ki egziste nan tradisyon vodou an.
Anpil ayisyen nan plizyè kominote angaje yo pou fèt gede ka vin pi bel chak jou. nan plizyè rejyon nan peyi a, popilasyon an oganize fèt ak sware kote tout moun nan kominote yo kapab vin patisipe epi pran plezi san kè sote. Anpil jèn fi ak jèn gason fè seyans foto abiye nwa ak mov pou onore gede yo epi afiche konviksyon yo ak kwayans espirityel yo sou rezo sosyo yo. Toujou nan lide pou chanje eskanp figi fèt gede a, plizyè enstitisyon tankou lotomobil òganize konkou dans gede pou ankouraje epi mete an valè dans vodou ki se yon eleman enpòtan nan selebrasyon gede yo. Pandan Ayisyen k ap viv Ayiti ap travay pou bay fèt gede yon lòt imaj, Ayisyen nan dyaspora yo deside enplike yo pou pèmèt ayisyen ki pap viv nan peyi a jwenn mwayen pou yo fete Gede menm si yo pa an Ayiti.
Stéphanie Gloria Grandchamps se yon jèn vodouyizan ayisyen k ap vin Kanada. Ane sa, pou selebre fet gede, li mete sou pye « sware pwojeksyon Gede » soti 11 Oktòb pou rive 8 novanm. Se yon espas kote ayisyen tout kote kapab diskite, pataje eksperyans yo epi gade ansanm dokimantè ak fim ki gen rapò ak vodou.
Pou ane 2025 lan, yon gwoup ayisyen kap viv Oztazini deside mete tèt yo ansanm pou òganize yon sware ki pote non « Sware Gede”. Sware sa ap fèt samdi 1e novanm 2025 nan Miami Beach. Plizyè atis ayisyen tankou Tafa mi-soleil ak Jean CAZE ap prezan nan sware sa. Se yon moman kote ayisyen nan kominote a kapab vin tande mizik, danse, pataje manje ayisyen pou voye ochan bay zansèt yo ak lespri Gede yo.
Yon lòt kote, ayisyen nan peyi lafrans ap gen okazyon pou yo fete Gede gras ak « Veillée Guédé ». se yon sware k ap fèt samdi 1e novanm nan kolaborasyon ak « Institut d’Ayti ». evenman sa ap genyen plizyè konferans sou espirityalite, konesans ak rezistans ak lot tematik ki lye ak memwa ak lanmò nan tradisyon vodou a. plizyè chantè ak gwoup ayisyen tankou Erol Josué, rasin… ap la pou prezante yon konsè apre konferans yo.
Nan yon videyo ki poste sou medya “Haiti Inter”, Erold Josue deklare:
“nou pa ka selebre gede an Ayiti sèlman, se pou sa nou pote zetwal ak kilti ayisyen nan peyi Lafrans”.
Fet Gede se yon eleman nan tradisyon vodou a k ap pran plis valè chak jou. jodia anpil ayisyen an Ayiti tankou nan dyaspora manifeste enterè pou fete Gede yo nan dyalòg, pataj ak lanmou. Chanjman sa se rezilta mouvman yon gwoup ayisyen ki deside bay kilti ayisyen an jarèt malgre enstabilite politik, sosyal ak ekonomik nan peyi Dayiti.
Verlande CADET
👏👏👏🔥🔥🔥🔥🔥