Blòg
Adassa Romilus Guerrier: Bati Mak Pèsonèl ou ak Yon Ekspè nan Kominikasyon ak Maketing
- 05/02/2025
- Afiche pa: Mike Bellot

Nan yon mond kote konpetisyon ap ogmante chak jou, gen yon mak pèsonèl solid se youn nan pi gwo avantaj yon pwofesyonèl ka genyen. Se ak objektif sa a ke Adassa Romilus Guerrier, Senior Brand Manager nan Heineken, ap bay yon konferans inik sou bati mak pèsonèl epi vin yon referans nan domèn ou.
Poukisa Mak Pèsonèl enpòtan?
Ou remake gen moun ou toujou wè sou medya yo, yo toujou site kòm egzanp, epi yo vin otorite nan domèn yo? Moun tankou Etzer Emile, Enomy Germain, Kesner Pharel nan ekonomi, oswa Mike Bellot, Marc Alain Boucicault nan antreprenarya. Yo pa rive la pa aza! Yo te travay sou mak pèsonèl yo, devlope konpetans yo, epi mete tèt yo devan opòtinite ki fè yo vin referans. Ou menm tou, ou ka fè sa!
Yon konferans inik pou bati mak ou sou nivo entènasyonal!
Samdi 08 Fevrye a 6:00 PM sou Google Meet, ou pral gen opòtinite pou aprann etap pa etap kijan pou w:
✅ Konstwi yon mak pèsonèl solid
✅ Grandi kredibilite ou nan domèn ou
✅ Pataje konesans ou epi atire pi bon opòtinite
✅ Fè non ou vin yon referans pwofesyonèl
Yon Ekspè nan Kominikasyon pou Gid ou!
Adassa Romilus Guerrier se yon pwofesyonèl nan domèn kominikasyon ak plis pase 13 ane eksperyans nan medya ak kominikasyon, espesyalman sou kesyon imanitè ak devlopman. Soti nan Direktris Kominikasyon nan BRANA kounya li okipe pòs Responsab Senyò Malta H, kote li kontribye nan devlopman ak aplikasyon estrateji kominikasyon entèn ak ekstèn, men tou jesyon relasyon ak medya yo ak platfòm rezo sosyal yo. Kounya a l ap travay nan define strateji maketing pou Malta H epi ranfòse pèfòmans komèsyal pwodui a epi travay pou tout fanmi rejwenn yo nan mak la.
Anvan sa, Adassa te travay kòm Koòdonatris Medya ak Kominikasyon nan Save the Children International, kote li te jwe yon wòl kle nan sipòte kanpay pledwaye ak lòt inisyativ, osi byen ke kowòdinasyon kominikasyon pandan kriz yo.
Li posede yon Metriz nan Administrasyon Biznis (MBA) ak yon espesyalizasyon nan Maketing, ansanm ak yon Lisans nan Syans Kominikasyon. Anplis, li te konplete plizyè sètifikasyon nan Domèn Resous Imen. Konpetans li yo gen ladan devlopman ekip, fòmasyon ak angajman ak aktè yo, kominikasyon antrepriz ak relasyon piblik (PR). Sa pèmèt li kolabore ak divès ekip fonksyonèl ak miltidisiplinè.
Adassa gen yon pasyon pou kreye ak delivre solisyon kominikasyon inovatè ak enpak ki aliman ak misyon ak vizyon òganizasyon l ap travay pou yo. Li angaje tou nan aprantisaj kontinyèl ak devlopman pwofesyonèl, epi li kwè nan kiltive yon anviwònman enklizif ak ki chita sou respè mityèl.
📢 Pa rate konferans sa a!
Pou patisipe, antre nan gwoup WhatsApp nou an pou resevwa tout detay yo! Lyen an disponib nan premye kòmantè a. 🚀
Si w ap chèche yon fason pou w fè non ou vin yon referans, aprann nan men ekspè, epi mennen karyè ou pi lwen, konferans sa a se pou ou! 🔥 Rejwenn gwoup whatsapp nou an pou plis detay : Lyen Whatsapp https://chat.whatsapp.com/JPX1DFiklZBIJcVLcTMAWX
super!
Mwen ta renmen pran Kélke kou sou platfom nn