Blòg
10 Metye Dijital Ki Peye Byen Ou Ka Aprann Gratis Kounye A
- 11/09/2024
- Afiche pa: Mike Bellot

Aprè envasyon entènèt an 1983, li te pratikman enposib pou moun te jwenn yon fòmasyon bon kalite ki gratis e ki aksesib, kounyea li vin pi fasil pou w fòme tèt ou ak jwenn nouvo opòtinite, espesyalman nan mond digital la. Gen anpil metye ki pèmèt ou travay nan sektè ki peye byen, e se yon seri de travay ki sou entènèt san ou pa bezwen deplase pou ale nan yon biwo. Sa ki pi enpòtan toujou, ou ka aprann anpil nan metye sa yo gratis gras ak platfòm fòmasyon anliy tankou nou. Nan atik sa a, n ap prezante ou 10 metye digital ou ka aprann jodi a san depanse yon goud.
1. Maketin Dijital
Maketin dijital se youn nan metye ki pi popilè mond dijital lan e li trè demande sou mache travay la. Li enkli plizyè aspè, tankou maketin sou medya sosyal, optimizasyon motè rechèch (SEO), ak kreye kontni, imèl maketin, ak lòt ankò. Jeneralman yo rele yon moun ki etidye domèn sa Dijital Maketè, gras ak metye sa ou ka travay pou biznis atravè mond lan ki bezwen fè pwomosyon pwodwi ak sèvis yo sou entènèt la.
2. Jesyon Pwojè Dijital
Jesyon pwojè dijital se tout kapasite pou òganize epi jere ekip ak yon pwojè dijital, jesyon pwojè pwojè dijital ka yon bon chwa pou pou moun ki etidye domen sa. Yon mounki etidye domèn sa vin gen kapasite pou l dirije yon ekip ak jere yon pwojè anliy pou biznis dijital. Jeneralman, yo rele moun ki etidye domèn sa yon Dijital Pwojè Manadjè.
3. Konsepsyon Grafik
Konsepsyon grafik enpòtan anpil nan mond dijital la, li prèske enposib pou yon pwojè, yon antrepriz osinon yon enstitisyon pa gen yon moun ki gen konpetans nan domèn sa, nan domèn sa nou jwenn, kreyasyon logo pou biznis, afich pou pwomosyon biznis, elatriye. Avèk yon bon fòmasyon nan domèn sa, ou ka vin yon konseptyè grafik e kòmanse kreye logo, afich, ak lòt kontni vizyèl pou kliyan atravè mond lan.
4. Devlopman Wèb
Konesans nan devlopman wèb se yon avantaj anplis nan mond dijital la. Domèn sa enkli kreyasyon sit entènèt, kreyasyon aplikasyon wèb. Biznis yo toujou bezwen moun pou devlope ak jere sit entènèt yo. Jeneralman nan domèn sa yo itilize yon tèm ki rele langaj pwogramasyon, langaj pwogramasyon an li menm, li se diferan resous osinon kòd yon moun dwe aprann pou w rive mete yon sit wèb sou pye, gen diferan tip langaj pwogramasyon, tankou : HTML5, CSS3, JavaScript, Php, Python, elatriye. Yo souvan rele moun ki etidye domèn sa Devlopè Wèb.
5. Devlopman Applikasyon
Devlopman Applikasyon se youn nan domèn ki mande anpil sou mache travay la, devlopman Aplikasyon vin yon nesesite pou anpil biznis, men nou ka site diferan tip aplikasyon, tankou : Aplikasyon mobil ki fèt pou telefòn, Aplikasyon Web ki aksesip sou fòm sit wèb, Aplikasyon Dèkstòp ki fèt pou òdinatè. Yo souvan itilize yon seri langaj pou devlope aplikasyon sa yo, tankou: Ruby, Ruby on Rails, Python, Java, C++, C# ak anpil lòt langaj ankò.
6. SEO: Optimizasyon Motè Rechèch
SEO se pratik pou ogmante vizibilite yon sit entènèt pou bay rezilta sou motè rechèch tankou Google. SEO se yon faktè kle pou devlopman yon biznis sou entènèt la e SEO se yon domèn ki mande anpil sou mache travay la, anpil antrepriz nan nesesiste SEO.
7. Videyografi ak Montaj Videyo
Montaj videyo se yon lòt metye digital ki gen gwo demann. Pifò biznis yo bezwen videyo pou maketin sou medya sosyal ak sou entènèt, videyo yo kapab pou prezante yon sèvis, yon pwodui, yon pwojè, yon aktivité, elatriye. Aprann kijan pou monte videyo ka ouvri pòt pou travay ak anpil enstitisyon ki ap evolye nan mond dijital la.
8. Kreyasyon Kontni
Kreyasyon kontni se youn nan domèn ki enpòtan nan mond dijital, majorite antrepriz dijital yo nan nan nesesite domèn sa. An jeneral, kreyasyon kontni enkli kreye kontni grafik, videyo ak atik. Se yon domèn ki vrèman laj, ki mande yon pakèt resous ak konpetans, tankou : Graphik Dizay, Montaj videyo, kreyasyon atik blòg, elatriye. Yon moun ki ap evolye nan domèn sa se yon kreyatè Kontni.
9. Jesyon Medya Sosyal
Jesyon medya sosyal se yon domèn ki enplike planifikasyon, kreye kontni, ak jere paj medya sosyal pou konpayi. Se yon domèn ki gen anpil demann tou, men se yon domèn ki trè konpetitif. Nan domèn sa ou ka ede biznis ogmante prezans yo sou entènèt epi angaje ak kliyan yo atravè medya sosyal, tankou ; Facebool, Intagram, Tiktok, Youtube, LinkedIn ak anpil lòt ankò.
10. Analiz Done Dijital
Analiz done se yon metye ki mande konesans nan kolekte epi entèprete done dijital. Sa mande pou gen yon baz analiz grafik, yon bon baz nan matematik ak estatistik. Konpayi yo peye byen pou moun ki ka analize done ak ede yo pran bon desizyon pou biznis yo.
Aprann youn nan metye digital sa yo gratis gras ak fòmasyon ki aksesib sou platfòm nou an. Nou kwè ke tout moun, kèlkeswa kote yo ye oswa sitiyasyon ekonomik yo, ka gen aksè a bon jan edikasyon pou transfòme lavi yo. Enskri kounye a epi kòmanse apwoche yon nouvo karyè avèk konfyans!
Otè : Roovenson SAINTILET,
Bonjou ak tout staf kawacademy an,se yon bel inisyativ sa Nou pran , kote Nou AP ede jèn yo avance ak edikasyom yo .
Bonjou!
Non pa’m se Mike,mwen li avèk konpreyansyon deskripsyon kou nou yo.
Mwen ta renmen patisipe nan fòmasyon videyografi ak montaj videyo an svp.