Blòg
10 Metye Dijital Ki Peye Byen Ou Ka Aprann Gratis Kounye A
- 11/09/2024
- Afiche pa: Mike Bellot

Aprè envasyon entènèt an 1983, li te pratikman enposib pou moun te jwenn yon fòmasyon bon kalite ki gratis e ki aksesib, kounyea li vin pi fasil pou w fòme tèt ou ak jwenn nouvo opòtinite, espesyalman nan mond digital la. Gen anpil metye ki pèmèt ou travay nan sektè ki peye byen, e se yon seri de travay ki sou entènèt san ou pa bezwen deplase pou ale nan yon biwo. Sa ki pi enpòtan toujou, ou ka aprann anpil nan metye sa yo gratis gras ak platfòm fòmasyon anliy tankou nou. Nan atik sa a, n ap prezante ou 10 metye digital ou ka aprann jodi a san depanse yon goud.
1. Maketin Dijital
Maketin dijital se youn nan metye ki pi popilè mond dijital lan e li trè demande sou mache travay la. Li enkli plizyè aspè, tankou maketin sou medya sosyal, optimizasyon motè rechèch (SEO), ak kreye kontni, imèl maketin, ak lòt ankò. Jeneralman yo rele yon moun ki etidye domèn sa Dijital Maketè, gras ak metye sa ou ka travay pou biznis atravè mond lan ki bezwen fè pwomosyon pwodwi ak sèvis yo sou entènèt la.
2. Jesyon Pwojè Dijital
Jesyon pwojè dijital se tout kapasite pou òganize epi jere ekip ak yon pwojè dijital, jesyon pwojè pwojè dijital ka yon bon chwa pou pou moun ki etidye domen sa. Yon mounki etidye domèn sa vin gen kapasite pou l dirije yon ekip ak jere yon pwojè anliy pou biznis dijital. Jeneralman, yo rele moun ki etidye domèn sa yon Dijital Pwojè Manadjè.
3. Konsepsyon Grafik
Konsepsyon grafik enpòtan anpil nan mond dijital la, li prèske enposib pou yon pwojè, yon antrepriz osinon yon enstitisyon pa gen yon moun ki gen konpetans nan domèn sa, nan domèn sa nou jwenn, kreyasyon logo pou biznis, afich pou pwomosyon biznis, elatriye. Avèk yon bon fòmasyon nan domèn sa, ou ka vin yon konseptyè grafik e kòmanse kreye logo, afich, ak lòt kontni vizyèl pou kliyan atravè mond lan.
4. Devlopman Wèb
Konesans nan devlopman wèb se yon avantaj anplis nan mond dijital la. Domèn sa enkli kreyasyon sit entènèt, kreyasyon aplikasyon wèb. Biznis yo toujou bezwen moun pou devlope ak jere sit entènèt yo. Jeneralman nan domèn sa yo itilize yon tèm ki rele langaj pwogramasyon, langaj pwogramasyon an li menm, li se diferan resous osinon kòd yon moun dwe aprann pou w rive mete yon sit wèb sou pye, gen diferan tip langaj pwogramasyon, tankou : HTML5, CSS3, JavaScript, Php, Python, elatriye. Yo souvan rele moun ki etidye domèn sa Devlopè Wèb.
5. Devlopman Applikasyon
Devlopman Applikasyon se youn nan domèn ki mande anpil sou mache travay la, devlopman Aplikasyon vin yon nesesite pou anpil biznis, men nou ka site diferan tip aplikasyon, tankou : Aplikasyon mobil ki fèt pou telefòn, Aplikasyon Web ki aksesip sou fòm sit wèb, Aplikasyon Dèkstòp ki fèt pou òdinatè. Yo souvan itilize yon seri langaj pou devlope aplikasyon sa yo, tankou: Ruby, Ruby on Rails, Python, Java, C++, C# ak anpil lòt langaj ankò.
6. SEO: Optimizasyon Motè Rechèch
SEO se pratik pou ogmante vizibilite yon sit entènèt pou bay rezilta sou motè rechèch tankou Google. SEO se yon faktè kle pou devlopman yon biznis sou entènèt la e SEO se yon domèn ki mande anpil sou mache travay la, anpil antrepriz nan nesesiste SEO.
7. Videyografi ak Montaj Videyo
Montaj videyo se yon lòt metye digital ki gen gwo demann. Pifò biznis yo bezwen videyo pou maketin sou medya sosyal ak sou entènèt, videyo yo kapab pou prezante yon sèvis, yon pwodui, yon pwojè, yon aktivité, elatriye. Aprann kijan pou monte videyo ka ouvri pòt pou travay ak anpil enstitisyon ki ap evolye nan mond dijital la.
8. Kreyasyon Kontni
Kreyasyon kontni se youn nan domèn ki enpòtan nan mond dijital, majorite antrepriz dijital yo nan nan nesesite domèn sa. An jeneral, kreyasyon kontni enkli kreye kontni grafik, videyo ak atik. Se yon domèn ki vrèman laj, ki mande yon pakèt resous ak konpetans, tankou : Graphik Dizay, Montaj videyo, kreyasyon atik blòg, elatriye. Yon moun ki ap evolye nan domèn sa se yon kreyatè Kontni.
9. Jesyon Medya Sosyal
Jesyon medya sosyal se yon domèn ki enplike planifikasyon, kreye kontni, ak jere paj medya sosyal pou konpayi. Se yon domèn ki gen anpil demann tou, men se yon domèn ki trè konpetitif. Nan domèn sa ou ka ede biznis ogmante prezans yo sou entènèt epi angaje ak kliyan yo atravè medya sosyal, tankou ; Facebool, Intagram, Tiktok, Youtube, LinkedIn ak anpil lòt ankò.
10. Analiz Done Dijital
Analiz done se yon metye ki mande konesans nan kolekte epi entèprete done dijital. Sa mande pou gen yon baz analiz grafik, yon bon baz nan matematik ak estatistik. Konpayi yo peye byen pou moun ki ka analize done ak ede yo pran bon desizyon pou biznis yo.
Aprann youn nan metye digital sa yo gratis gras ak fòmasyon ki aksesib sou platfòm nou an. Nou kwè ke tout moun, kèlkeswa kote yo ye oswa sitiyasyon ekonomik yo, ka gen aksè a bon jan edikasyon pou transfòme lavi yo. Enskri kounye a epi kòmanse apwoche yon nouvo karyè avèk konfyans!
Otè : Roovenson SAINTILET,
Bonjour
Felisitasyon Kawa pou travay nap fè à.
M’en tankou kou nou pa ofri yo nan 10 sa nou site eske papa refere sit yon moun k jwenn yo.
Felisitasyon KAWA! KAWA pa sispann met valè sou valè nou
Mwen félisite nou pou gran inisyativ sa
Mwen félisite nou pou gran inisyativ sa
Ta renmen patisipe nan kou marketing digital la.
Chak kote poum kòmante map toujou di gwo gason sa mèsi #MIKE BELOT# ki mete kanpe gwo platfòm aprantisaj sa pou kominote a.E map di tout ekip pwofesoral la mèsi.
Bon travay kaw, nan jou ki ap vini yo m swete nou ajoute kèk nan 10 kou sa yo sou platfòm nan
Se yon atik enpotan, mèsi Kawa
Map felisite ekip KAWACADEMY an pou bèl inisyativ sa ke yo mete sou pye pou ede kominote a, san mwen pa bliye Roovenson SAINTILET pou bèl ide de 10 metye Dijital sa yo ke nou ka aprann gratis pou ede nou amelyore vi nou ekonomikman, …. .
Mwen swete nan yon ti tan ki pa twò long wè pi fò kou nan divès metye sa yo sou platfòm nan, mèsi.
#Kawa
#Notab
#Kawacademy
Mesi KAWA pou bèl atik sa
Chak jou kap pase mwen pap janm sispann di KAWA mèsi ak felisitel pou gwo bout tonton opotinite sa yo bay ak chak grenn moun kelkeswa ran sosyal ou…
Mèsi Kawa pou atik sa ou pibliye mwen vrèman edifye
M son etidyan platform nan m sètifye deja nan 2 kou
Np vanse ansanm
M ta renmen swiv kou sa yo
Mw santim kontan anpil paske m fè pati de Bel ekip sila, KAWA bravo
Kawa,
se « Revolisyon » an menm, nan zafè « aprann nan konfò » kote w santi w pibyen an!
Mike se vizyonè revolisyonè ki an avans sou twazyèm milenè a
Mwen kontan ak nou se on plezi kontinye travay nap fh an pandan np panse poun ajouté kek lot anko mesi
Bonjou
Mwen ta renmen patisipe nan youn nan metye sa yo sil vou plè koman nou la edem .
M felisite nou pou inisyativ la,mwen ta renmen pran kek kou ak KAWA. Mèsi
Kawa se premye platfom ki ofri kou gratis ti cheri, nan lang manman m ak papa m.
Mèsi pasifi KAWA !
Mwen felisite pou bèl travay nap fè nan kominote ayisyèn nan avèk nou anpil jèn gen possibilite pou gen yon metye nan men yo
Bon mp di nou np fh yn bon travay m felisite nou pou sa …Sam ta renmn konnen eske pp gn suivi nan jesyon pwojè a?
Mesi kawa pou kalite travay sila.
Konnya nen pot kote nou ye, nou ka aprann
Sann pa bezwen de plase san kè sote.
Mwen saluer tout staff la pou bon travay ke nap fè ki se Yonn nan pilye majè kap mete peyi an sou wout devlopman.
Mwen swete nou jwenn mwayen pou nou ajoute lót kou ki nesesè yo pou travay la ka konplè nèt ale.
Mèsi .
M vle pran tout nèt
Mèsi KAWA
Felisitasyon
Félicitation kawa
M profite okasyon saa pou m salye tout estaf #kawa a
Ki pa janm sispan panse e travay pou kraze baryè ki anpeche anpil tout ayisyen jwen bon jan pen entriksyon
Ke yo pat ka tann de pi yon bon bout tan…
Mèsi e kenbe la
Kawa vle di anpil bagay pou mwen ( yon sovè, yon platfòm revolisyonè,yon pòtè despwa elatriye)
Kawa pou tout tan.
Mèsi
Kawa toujou devan, kenbe fém. Tout remésiman ak ekip Kawa.
Merci ak KAWA pou opòtinite sanli ofri ak anpil jèn👏
Mwen vle felisite ekip KAW la pou gwo platfom sa yo mete disponib pou anpil Ayisyen ka aprann. Peyi a te bezwen yon platfom konsa. Epi atik la enpotan anpil. Mesi pou gwo jefo sa a.
Mwen vle aprann e konnen plus de kawa cademy
Bonsoir tout Moun Map félicite ekip ki pran inityativ sa sitou initiate activité sa ki kwe nan formation citwayen ki se baz développement paske le chak Moun gen Youn metye nan min yo sitou j’en yo ki se avenir payi a e toi yo la pou pran la relève nou pense se Youn avenir ki assure kote yap pemet nou réduire taux chomaj e delikans AK banditisme.mwen Salye anko inityativ sa.
M kontan anpil, e filisite nou pou inisyativ sa. M sonw Ayisyen konpatriyòt trè pwofon, m gen gran pwojè pou peyi m… sa fè m plezi anpil lè m wè gen Ayisyen toujou ki gen espwa nan Ayiti e ki ap non sèlman panse men travay pou devlòpman l, a lavni, nou gendwa travay ansanm, e fè KAWA youn nan pi gran inivèsite an liy nan mond la, e ki ap dispanse kou an “AYISYEN”.
Travay la bèl li pwòp e li edikatif kidonk li valè Ayisyen ki konn valè edikasyon nan Lavi yon sosyete e ki konprann se klè Lavi chak kominote
Mw kontan anpil pou bèl initiative sa , mw se benefisyè de pwogram sa , mw felisite tou staff ki rann travay sa posib , mèsi anpil .
Bon travay Caw ! kijan Mwen kapab enskri silvouplè?
Bon travay KAWA
mwen vreman damou platfom sa wi. mte konn etidye sou alison men sa se nan lang mwen menm li fet. mgentan sou twa setifika la nan twa domen ke mwen renmen.
Mw pa janm ka enskri
Mwen santim gen anpil fyète lè se ayisyen parèy mwen ki dispoze pou ede pitit malere ki pa gen gran mwayen pou ede yo avanse sitou pou edikasyon.
Se anko yon gran plezi pou mwen se pwòp pitit peyi ha ki vle ede nou pou yon Ayiti miyò, sa konte anpil pou devlopman peyi nou.
Yon remèsiman spesyal pou tout staf osinon ekip kawa akademi anpil respè ak lanmou pou nou pou gwo travay n’ap fè pou avansman peyi nou.
Mwen kontan anpil e mwen Felicite nou pou bel travay sa nou ofri nan kominote haytien an mw itile peyi m paske se yon peyi Ken renmen anpil mw vle aprann yon yon bagay poum utile peyi
Mw ta renmen patisipe
Bon travay kawa…m espere m pral jwenn anpil bagay de ou
Mesi pou bel travay sa nap fè NN kominote a, MTA renmen a lavni Nou ajouté Kou yo Nou mansyone Pami 10 konpetans yo .
Felisitasyon ak ekip Kawa a. Travay nou rive sou mwen. mwen pap sispann Swiv Nou sou tout rezo yo.💫💫💫
Mèsi KAWA pou atik anrichisan sa a 🙏🙏
Vrèman enpòtan Mèsi Kawa
Mwen ta renmen patisipe
Bjr !mw vrèman apresye trvy Sila,mw felisite staf lan.yon Moun q ta vle patisip kijan regleman yap
KAWA mwen remesye w pou bèl travay sa , mwen kòmanse depi nan mastè klas Mike Bellot an e se depi la m jwenn motivasyon ak enspirasyon nan domèn dikital .🙏🙏🙏🙏🙏