Yo panse li twò teknik
Yo kwè fòk ou se yon ekspè pou kòmanse, kidonk yo pa menm eseye.
Vini aprann, etap pa etap, kijan pou kreye pwòp sit ou san kòd: soti nan achte yon domèn, rive pibliye yon sit vitrin oswa yon ti boutik sou entènèt ak WooCommerce. Chak semèn gen sesyon Live Q&A pou ede w rezoud pwoblèm ou yo an dirèk.
Mete sou pye baz yon sit: domèn, hosting, WordPress, CMS.
Navige nan Dashboard WordPress la san konfizyon (posts vs pages, themes, plugins).
Chwazi epi personalize yon theme rapid pou yon bèl prezantasyon.
Kreye paj kle yo: Akèy, Apwopo, Sèvis, Blog, Kontak + fè bon meni navigasyon.
Itilize plugins san kòd (sekirite, fòm kontak, SEO debaz) ak Elementor pou fè layout pwofesyonèl.
Ekri bon kontni epi chwazi imaj ki bon pou mak ou.
Entwodiksyon E-commerce ak WooCommerce: pwodwi, kategori, varyasyon.
Konfigirasyon peman, transpò (shipping), taks, koupon, reviews.
Teste & pibliye sit ou an kondisyon reyèl.
Antreprenè, etidyan, pwofesyonèl, oswa nenpòt moun ki vle lanse prezans dijital li san antre nan kòd.
Moun ki bezwen yon sit vitrin oswa yon ti e-boutik pou vann kèk pwodwi/sèvis.
Pwojè #1 (Semèn 6): Yon sit vitrin senp ki sou entènèt e ki teste.
Pwojè Final (Semèn 8): Yon ti sit E-commerce konplè (peman + shipping + taks + koupon + reviews), pibliye e pataje lyen an.
Semèn 1 — Entwodiksyon: Ki sa ki sit, domèn, hosting, CMS; plan (sitemap, wireframe, brand kit, content outline). Egzèsis: achte domèn, enstale WordPress.
Semèn 2 — Dashboard: Posts vs Pages, Themes vs Plugins, konfigirasyon debaz (non sit, lè, permalink).
Semèn 3 — Themes: Chwazi/enstale yon theme gratis, personnalisation, mete paj dakèy & blog.
Semèn 4 — Paj & Meni: Akèy, Apwopo, Sèvis, Kontak, Blog + meni navigasyon klè.
Semèn 5 — Plugins san kòd: Sekirite, fòm kontak, SEO debaz, layout ak Elementor.
Semèn 6 — Sit vitrin: Rasanble tout bagay; kontni & imaj; tès ak piblika.
Semèn 7 — E-commerce: Enstale/konfigire WooCommerce; pwodwi, kategori, varyasyon.
Semèn 8 — Ti boutik sou entènèt: Pèman, shipping, taks, koupon, reviews; tès acha; piblika final.
Pratik an premye: chak semèn gen travay konkrè sou sit pa w.
Live Q&A: reponn kesyon, korije erè, bay kout men sou ka reyèl.
Gid etap pa etap: pou w rive soti nan zewo rive sou entènèt.
Yon òdinatè + bon koneksyon entènèt.
Yon ti bidjè pou domèn & hosting (achte pandan kou a).
👉 Ou pare? Enskri kounye a pou lanse sit ou ak WordPress, epi fè premye lavant ou sou entènèt!
Yo kwè fòk ou se yon ekspè pou kòmanse, kidonk yo pa menm eseye.
Twòp enfòmasyon fè yo konfonn, epi yo rete san pran premye pa a.
Yo panse san konesans teknik yo pa kapab kreye anyen.
San yon moun ki deja fè chemen an pou montre yo wout la, yo pa janm avanse.
Nan kou sa a, ou pral aprann:
Ou suiv yon metòd klè ki mennen w soti nan zewo pou rive nan yon sit ki fonksyone.
Ou pa bezwen okenn konpetans teknik — ou ka kòmanse menm jodi a.
Ou itilize zouti senp ki pèmèt ou konstwi rapid san konplikasyon.
Ou mete sit ou sou entènèt depi nan baz la, ak tout sa li bezwen pou fonksyone.
Ou metrize panèl kontwòl la pou jere sit ou fasil tankou yon pwofesyonèl.
Ou personnaliser sit ou ak zouti pwisan pou li bèl epi fonksyone byen.
Ou konstwi paj kle yo pou prezante biznis ou epi konvèti vizitè an kliyan.
Ou desine sit ou fasil ak yon zouti vizyèl san bezwen kòd.
Ou optimize sit ou pou li parèt sou Google epi atire trafik gratis.
Ou kreye yon boutik sou entènèt pou vann pwodwi ou dirèkteman.
Ou mete sistèm pou resevwa lajan, livrezon, ak jere taks san pwoblèm.
Live Q&A chak semèn
Èd sou pwoblèm ou
Repons kestyon an dirèk
100% anliy
Live chak semèn
Videyo pre-anrejistre
Aprann nan pwòp rit ou
Yon òdinatè
Ti bidjè pou domèn & hosting
Entènèt
Si ou pa satisfè, ou ka mande ranbousman.