Deskripsyon kou a
Deskripsyon kou a
Kou avanse sa a fèt pou tout moun ki swete devlope komoetans nan sektè devlopman ak
imanitè a kondisyon ke yo deja gen baz redaksyon pwopozisyon pwojè ki sanble ak estanda
teknik nan nivo entènasyonal
Ladann nou ap pase sou tout étap nan konsepsyon ak redaksyon yon pwopozisyon pwojè,
soti nan analiz pwoblèm ak kontèks, apre sa pase nan devlopman yon lojik entèvansyon, pi
kontinye nan yon plan aplikasyon ki byen stiktiré, sann pa bliyé sistèm MEAL, bidjè
estratejik ak jistifikasyon li, jouk nou fini ak yon plan risk ak dirabilite.
Montaj kou sa a baze sou metodoloji ak egzijans prensipal donatè yo, tankou PNUD,
UNICEF, PAM ak FAO. Nou bati tout lojik entèvansyon yo sou apwòch oryante sou rezilta,
menm jan ak sa PNUD, UNICEF ak PAM konn itilize.
Nap pran tan pou nou byen konprann ansanm sa yo rele “Apwòch Kad Lojik” (LFA) ke
enstitisyon tankou Bank Mondyal ak Inyon Ewopeyèn itilize. Pandan devlopman kou sa a,
nap entegre prensip 4 E yo: Ekonomi, Efikasite, Efikasite nan rezilta, ak Ekite. Nap fè egzèsis
pratik sou kèk modèl konkrè pou byen metrize apwòch la.
Anndan kou sa nap pase sou kek astis pou konvenk donatè yo:
1. 2. 3. 4. Itilizasyon done ak prèv pou jistifye pwojè a pi solid
Entegrasyon priyorite ki pran an kont tout domèn tankou egalite ant fanm ak gason,
enklizyon, ak pwoteksyon
Rakonte istwa pwojè a nan yon fason pwofesyonèl ki montre reyalite sou teren an
pandan li kenbe nivo teknik li
Adaptasyon kontni selon tip donatè ak sektè
Apwòch la se 60% pratik ak 40% teyori, ak egzèsis, simulation, ak evalyasyon sou fich
teknik ofisyèl kek donatè.
Garanti
Si ou pa satisfè, ou ka mande ranbousman.