- Deskripsyon
- Kourikoulòm
- Revizyon
An Ayiti ak nan dyaspora a, gen plizyè milyon jèn ki chita sou ide biznis solid. Sepandan, pifò ladan yo pa janm rive mete ide sa yo sou pye paske yo pa gen aksè ak fòmasyon serye, resous estriktire, oswa sipò ki adapte ak reyalite yo. Anpil kou sou mache a twò teyorik, pa pale lang majorite moun yo, epi pa bay zouti pratik pou lanse oswa jere yon biznis. Rezilta? Biznis ki pa fonksyone, enkyetid ekonomik, ak fristrasyon pou yon jenerasyon ki gen anpil potansyèl.
2. Solisyon Nou Pote Kaw Academy lanse yon diplòm pwofesyonèl ki rele “Gestion des Affaires”, yon fòmasyon entansif ki ofri yon chemen konplè soti nan ide jiskaske ou lanse biznis ou. Sa se pa yon kou tradisyonèl. Se yon eksperyans transformativ kote ou travay sou biznis ou pandan w ap aprann, an Kreyòl, ak sipò dirèk nan men Mike Bellot ak 15 antreprenè ki gen eksperyans sou teren. Pwogram lan fèt pou mete ou nan aksyon depi premye semèn.
3. Estrikti Fòmasyon an Fòmasyon an ap dire 10 semèn, ak yon estrikti entèrakti:
-
15 modil videyo ki deja anrejistre ak aksè 24/24 sou platfòm lan
-
2 sesyon live chak semèn pou diskisyon, analiz ka, ak repons kesyon
-
Konferans chak weekend ak CEO envite ki pataje eksperyans reyèl yo
-
Devwa ak egzèsis chak semèn ki baze sou pwòp lide ou
-
Office hours ak Mike Bellot pou konsiltasyon 1-a-1 sou biznis ou
4. Metodoloji Nou Nou kwè aprantisaj pa dwe limite ak lekti oswa tande. Se poutèt sa nou mete:
-
Videyo entèrakti ak ka konkrè
-
Sesyon Zoom kote ou diskite an dirèk ak ekspè
-
Egzèsis pratik ki fè ou bati plan, kalkile pri, teste lide
-
Konferans enspirasyon ak rezo reyalite lokal ak entènasyonal
-
Sipò teknik, administratif, ak mentò chak semèn
5. Kontni Modil yo Pwogram lan gen 15 modil ki kouvri tout etap ki enpòtan pou yon biznis:
-
Idantifye ak valide lide biznis
-
Etid mache ak konpreyansyon kliyan
-
Pwodui, pri, ak pre-sale
-
Modèl biznis adaptab
-
Legalizasyon ak estrikti legal
-
Plan finans ak prevision kach
-
Fason pou w jwenn finansman (kredi, diaspora, crowdfunding)
-
Sourcing ak jesyon founisè
-
Kreye sistèm operasyon efikas
-
Go-to-market: lanse epi jere pwomosyon
-
Jesyon chak jou: operasyon, KPI, ak lojistik
-
Estrateji pou agrandi ak eskalye biznis la
-
Sèvi diaspora kom mache estratejik
-
Pitching ak negosyasyon ak envestisè
-
Demo Day: prezantasyon devan jiri pou ranpòte fon
6. Rezilta Konkrè Ou Ap Genyen Lè ou fini 10 semèn fòmasyon sa a, ou pap gen mwayen pou tounen tounen. Ou pral:
-
Gen yon plan biznis solid ak klè
-
Gen premye kliyan oswa lòd sou biznis ou
-
Konnen kijan pou jere kach, depans, ak pri
-
Fè premye pwomosyon ou sou rezo
-
Gen kapasite pou al chache finansman
-
Gen yon diplòm ofisyèl nan men Kaw Academy
-
Gen chans pou ranpòte 1 milyon GHT pou lanse biznis ou
-
1Entwodiksyon pwogram lanApèsi Videyo leson
-
2Leson 1 - Kisa ki fè yon bon lide BiznisApèsi Videyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
3Leson 2 - Kijan pou jwenn yon lide BiznisApèsi Videyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
4Leson 3 - Pwopozisyon valè InikApèsi Videyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
5Leson 4 - Biznis Modèl CanvaApèsi Videyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
6Dokiman kou a Business Model CanvasApèsi PDF lessonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
7Leson 5 - Etid macheApèsi Videyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.