Entwodiksyon nan Kominikasyon
- Deskripsyon
- Kourikoulòm
- Revizyon
Kou sa a fèt pou ede patisipan yo konprann sa kominikasyon ye, enpòtans li nan lavi pèsonèl ak pwofesyonèl, epi kijan pou kominike pi byen nan diferan sitiyasyon. Pandan fòmasyon an, ou pral aprann diferan kalite kominikasyon tankou kominikasyon oral, ekri, vizyèl ak non-vèbal, epi kijan pou adapte mesaj ou selon moun ak kontèks la.
Kou a ap ede w devlope kapasite pou eksprime ide ou klèman, koute pi byen, evite move konpreyansyon, epi kominike ak plis konfyans. Ou pral aprann tou kijan pou byen prezante tèt ou, swa nan entèvyou, nan travay, nan biznis, nan rezo sosyal, oswa devan yon piblik.
Nan fen kou a, patisipan yo ap genyen zouti pratik pou:
-
amelyore fason yo kominike ak lòt moun
-
konstwi yon bon imaj pèsonèl ak pwofesyonèl
-
pale ak plis asirans ak klarite
-
konprann enpak pawòl, atitid ak langaj kò sou kominikasyon
Kou sa a apwopriye pou elèv, pwofesyonèl, antreprenè, ak tout moun ki vle amelyore konpetans kominikasyon yo nan lavi chak jou.
-
1Modil 1- EntwodiskyonVideyo leson
Quiz rapid :
Mwen gen twa kesyon pou nou:- Pou enfòme yon kolèg sou yon chanjman orè, kisa w ap chwazi? Imèl, WhatsApp oubyen reyinyon?
- Pou rezoud yon konfli? Imèl oubyen fas-a-fas?
- Pou anonse yon pwomosyon? WhatsApp, apèl oubyen reyinyon?
Reflechi, ekri repons nou yo.
-
2Modil 1- Leson 1 Tip Kominikasyon ak EmojiVideyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
3Modil 1-Leson 2 Obstak nan KominikasyonVideyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.
-
4Modil1-Leson 3 PrezantasyonVideyo lesonLeson sa a fèmen paske ou poko fin ranpli yon leson anvan an. Fini leson anvan an pou déblotché yon sèl sa a.