Yo gen lide a... men yo pa janm aji
Yo rete ap reflechi twòp jiskaske opòtinite a pase devan yo. Pa gen Egzekisyon
An Ayiti ak nan dyaspora a, gen plizyè milyon jèn ki chita sou ide biznis solid. Sepandan, pifò ladan yo pa janm rive mete ide sa yo sou pye paske yo pa gen aksè ak fòmasyon serye, resous estriktire, oswa sipò ki adapte ak reyalite yo. Anpil kou sou mache a twò teyorik, pa pale lang majorite moun yo, epi pa bay zouti pratik pou lanse oswa jere yon biznis. Rezilta? Biznis ki pa fonksyone, enkyetid ekonomik, ak fristrasyon pou yon jenerasyon ki gen anpil potansyèl.
2. Solisyon Nou Pote Kaw Academy lanse yon diplòm pwofesyonèl ki rele “Gestion des Affaires”, yon fòmasyon entansif ki ofri yon chemen konplè soti nan ide jiskaske ou lanse biznis ou. Sa se pa yon kou tradisyonèl. Se yon eksperyans transformativ kote ou travay sou biznis ou pandan w ap aprann, an Kreyòl, ak sipò dirèk nan men Mike Bellot ak 15 antreprenè ki gen eksperyans sou teren. Pwogram lan fèt pou mete ou nan aksyon depi premye semèn.
3. Estrikti Fòmasyon an Fòmasyon an ap dire 10 semèn, ak yon estrikti entèrakti:
15 modil videyo ki deja anrejistre ak aksè 24/24 sou platfòm lan
2 sesyon live chak semèn pou diskisyon, analiz ka, ak repons kesyon
Konferans chak weekend ak CEO envite ki pataje eksperyans reyèl yo
Devwa ak egzèsis chak semèn ki baze sou pwòp lide ou
Office hours ak Mike Bellot pou konsiltasyon 1-a-1 sou biznis ou
4. Metodoloji Nou Nou kwè aprantisaj pa dwe limite ak lekti oswa tande. Se poutèt sa nou mete:
Videyo entèrakti ak ka konkrè
Sesyon Zoom kote ou diskite an dirèk ak ekspè
Egzèsis pratik ki fè ou bati plan, kalkile pri, teste lide
Konferans enspirasyon ak rezo reyalite lokal ak entènasyonal
Sipò teknik, administratif, ak mentò chak semèn
5. Kontni Modil yo Pwogram lan gen 15 modil ki kouvri tout etap ki enpòtan pou yon biznis:
Idantifye ak valide lide biznis
Etid mache ak konpreyansyon kliyan
Pwodui, pri, ak pre-sale
Modèl biznis adaptab
Legalizasyon ak estrikti legal
Plan finans ak prevision kach
Fason pou w jwenn finansman (kredi, diaspora, crowdfunding)
Sourcing ak jesyon founisè
Kreye sistèm operasyon efikas
Go-to-market: lanse epi jere pwomosyon
Jesyon chak jou: operasyon, KPI, ak lojistik
Estrateji pou agrandi ak eskalye biznis la
Sèvi diaspora kom mache estratejik
Pitching ak negosyasyon ak envestisè
Demo Day: prezantasyon devan jiri pou ranpòte fon
6. Rezilta Konkrè Ou Ap Genyen Lè ou fini 10 semèn fòmasyon sa a, ou pap gen mwayen pou tounen tounen. Ou pral:
Gen yon plan biznis solid ak klè
Gen premye kliyan oswa lòd sou biznis ou
Konnen kijan pou jere kach, depans, ak pri
Fè premye pwomosyon ou sou rezo
Gen kapasite pou al chache finansman
Gen yon diplòm ofisyèl nan men Kaw Academy
Gen chans pou ranpòte 1 milyon GHT pou lanse biznis ou
Yo rete ap reflechi twòp jiskaske opòtinite a pase devan yo. Pa gen Egzekisyon
San yon gid klè, yo rete bloke nan dout epi yo pa janm pran premye pa a.
San yon moun ki deja pase pa la pou montre yo wout la, yo fasil pèdi konfyans epi abandone.
Konsome kontni biznis ka motive ou, men san aksyon li pa janm bay rezilta.
Ou idantifye yon pwoblèm reyèl epi bati yon solisyon moun vrèman bezwen.
Ou valide lide a sou mache a pou asire gen moun ki pare pou peye pou li.
Ou defini kijan biznis la ap fè lajan, jwenn kliyan, epi grandi.
Ou metrize depans, pwofi, ak estrateji pou fè biznis la dirab.
Ou pase nan aksyon, teste sou mache a, epi fè premye lavant ou pou valide biznis la.
Videyo preanrejistre ou kapab swiv yo nan tan lib ou .
Sesyon live nan weekend pou poze kesyon ou genyen.
Nou envite Biznisman , antreprenè ki gen experyans.
Ou ap konstwi biznis ou pandan wap avanse , ak devwa pratik
Siw bezwen konsèy pou yon ide biznis ouswa yon biznis , ou ka pran randevou ak Antreprenè Mike Bellot
100% anliy
Entèraktif
Videyo + live
Travay sou biznis ou
Fòmasyon konplè biznis
Aksè rezo antreprenè
Sipò sou pwojè ou
Achte lachine an gwoup pou revann an Ayiti
Mentorship dirèk
Konferans ak CEO
Genyen yon Boutik Anliy
Si ou pa satisfè, ou ka mande ranbousman.