Gen yon kesyon?
Mesaj voye Fèmen
4.7
6 kritik
Cho

Inisyasyon nan enfòmatik pou debitan ak patenarya Microsoft

Enstriktè
Kaw Academy
Kategori
34,977 Elèv yo Enskri
  • Deskripsyon
  • Kourikoulòm
  • Revizyon
  • Grade

Deskripsyon Klas la : devlope Konpetans Òdinatè ak Lojisyèl Pwofesyonèl

Kou sa a fèt pou moun ki vle devlope konpetans debaz nan itilizasyon òdinatè ak aprann sèvi ak lojisyèl pwofesyonèl tankou Microsoft Word, Excel, ak PowerPoint. Li ofri yon entwodiksyon konplè sou pati debaz nan òdinatè yo, ansanm ak zouti lojisyèl yo ki pral ede w devlope lkonpetans ki enpòtan nan mond travay la.

Nan kou sa a ou pral aprann:

  1. Entwodiksyon ak Òdinatè: Aprann kijan òdinatè yo fonksyone, pati prensipal yo (tankou klavye, souri, ekran, ak mèrni), ak kijan pou w entèakte ak yon òdinatè efektivman.
  2. Sistèm Operasyon ak Aplikasyon: Aprann diferans ki genyen ant sistèm operasyon ak aplikasyon lojisyèl, epi kijan yo travay ansanm pou fè òdinatè a fonksyone byen.
  3. Navigasyon sou Entènèt: Fè rechèch efikas sou entènèt epi aprann kijan pou w pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou pandan w ap itilize entènèt la.
  4. Microsoft Word: Aprann kijan pou kreye, edite, ak fòmate dokiman pwofesyonèl ak Word, youn nan zouti esansyèl nan mond pwofesyonèl la.
  5. Microsoft Excel: Aprann kijan pou jere ak analize done nan Excel, kreye tab, kalkil, ak fè analiz ki ede w nan travay pwofesyonèl chak jou.
  6. Microsoft PowerPoint: Aprann kijan pou kreye prezantasyon pwofesyonèl ki fè enpak, sèvi ak dyapo, ak lòt eleman vizyèl ki enpòtan.
  7. Kreye ak Jere Fichye: Aprann kijan pou kreye, sove, òganize, ak pataje fichye sou òdinatè, ansanm ak itilize aparèy depo tankou USB ak disk ekstèn.
  8. Sekirite sou Entènèt: Aprann kijan pou pwoteje tèt ou kont malveyan ak viris pandan w ap itilize òdinatè ak entènèt.

Pou Ki Moun Kou Sa a Fè: Kou sa a fèt pou moun ki vle aprann konpetans òdinatè debaz ak devlope konpetans pwofesyonèl nan itilizasyon lojisyèl tankou Word, Excel, ak PowerPoint, kit ou se yon debutan oswa yon moun ki vle amelyore ladrès ou nan òdinatè.

Objektif Kou a: Nan fen kou a, w ap gen konfyans nan itilize òdinatè pou fè travay chak jou ak devwa pwofesyonèl. W ap metrize zouti lojisyèl esansyèl tankou Word, Excel, ak PowerPoint, ki pral prepare ou pou nenpòt travay ki mande konpetans òdinatè pwofesyonèl.

Sètifika:
Lè w fini kou sa a, w ap resevwa yon sètifika ki montre ke ou metrize konpetans òdinatè ak lojisyèl pwofesyonèl  ki rekonèt pa microsoft.

Inisyasyon nan enfòmatik pou debitan
Modil 4 : Kijan pou Patisipe an Sekirite ak Responsab sou Entènèt
Modil 5 :Intwodiksyon Microsoft Office
Modil 6- Cloud - Kolabore ak jere kontni dijitalman- Google Drive / Microsoft one drive
4.7
6 kritik
Etwal 5
4
Etwal 4
2
Etwal 3
0
Etwal 2
0
Etwal 1
0
Grade details
Kou:
Student:
Enrollment date:
Course completion date:
Grade:
Grade Points
Grade Range
Exams:
Sign in to account to see your Grade
Inisyasyon enfomatik.png
Inisyasyon nan enfòmatik pou debitan ak patenarya Microsoft
Kategori:
4.7
6 kritik
Jwenn kou sa a
Pataje
Detay Kou a
Konferans 86
Tès 2
Nivo Debitan