Gen yon kesyon?
Mesaj voye Fèmen

Konekte ak Antreprenè Marcus Bo: Yon Antreprenè san fwontyè pou enspire Etidyan Kaw Academy yo

Nou Kontan prezante ou yonn nan pwofesè Kaw Academy yo: Claude Marcus Boereau, pi byen konnen kòm Marcus Bo, se yon jèn Ayisyen ki te jwenn yon bous pou etidye nan Taiwan. Malgre anpil òf travay enteresan nan Lachin, li te deside retounen Ayiti pou sèvi ak konpetans ak konesans li te akeri an Azi pou ede peyi li.MArcus Bo Kaw academy

Marcus fèt nan Pòtoprens kote li te fè tout etid klasik li nan Enstitisyon Saint Louis de Gonzague. An 2008, li te jwenn yon bous pou etidye nan Taiwan kote li te fè yon lisans nan Komès Entènasyonal nan Inivèsite Tamkang epi yon metriz nan Ekonomi nan Shanghai. Pandan tan li nan Taiwan, li te resevwa anpil rekonesans pou pèfòmans akademik li epi li te aprann pale Mandaren. Li te patisipe nan konkou “Taiwan Idol” kote li te rive nan final la kòm premye Ayisyen, premye Nwa, epi premye etranje ki te fè sa.

Depi li retounen Ayiti, Marcus te travay nan Sant Fasilitasyon Envestisman (CFI) kòm direktè operasyon kote li te ankouraje envestisman nan peyi a. Li te kontribye nan kreye yon sant lengwistik ak kiltirèl ayisyen-taywanais pou ankouraje echanj ant de peyi yo.

Marcus se fondatè IMAR Business Group, yon konpayi ki ofri sèvis konsèy ak fasilitasyon komès entènasyonal ant Ayiti ak Lachin. Konpayi li a ede biznis ayisyen jwenn aksè nan mache Chinwa a, ankouraje kwasans ekonomik ak kreyasyon djòb an Ayiti.

Marcus Lanse li nan mond antreprenaryal la sa gen 4 lane jan ke li te dil nan yon pòs sou paj facebook li, Marcus Boereau  aprann anpil bagay e li fyè pou kontinye pouse limit li. Vwayaj li nan kreyasyon antrepriz montre li ke san eseye, ou pap janm konnen, e sa te fè l grandi yon fason li pa t janm imajine. Jodi a, li gen biwo nan senk peyi epi li antoure pa yon ekip ekstraòdinè. Li toujou angaje nan aprantisaj ak devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl li.

Antanke prezidan ak CEO nan Grupo Perassan, Marcus te inogire yon pwojè imobilye enpòtan sou Boulevard Turistik del Este nan Punta Cana. Pwojè rezidansyèl TAMAN, ki vo 30 milyon dola, gen ladan 144 inite apatman ak espas komèsyal. Pwojè sa a espere ankouraje ekonomi lokal Punta Cana epi atire envestisè entènasyonal. Premye faz la gen plis pase 10 milyon dola ki gentan envesti , yon kòb ki soti nan envestisè ki sòti nan 14 peyi diferan selon sa nou jwenn sou sit wèb yo.

Marcus pale kouramman sèt lang: Kreyòl, Franse, Anglè, Panyòl, Mandaren, ak Pòtigè. Li te pami premye moun ki te lanse anseyman lang Chinwa a nan plizyè lekòl ak inivèsite nan Ayiti.

Jodi a, Marcus ap dirije IMAR Business Group epi li ap anseye antreprenarya nan Kaw Academy. Etidyan yo benefisye de eksperyans li ak konesans li nan biznis entènasyonal ak ekonomi. Marcus toujou angaje pou ede devlope peyi li epi mete Ayiti an valè toupatou kote li ale. Li se yon egzanp reyisit ki montre ke avèk disiplin, travay di, ak devouman, nenpòt jèn ka reyalize rèv yo epi kontribye pozitivman nan kominote yo.

🚀 Pare pou fè biznis ou ale entènasyonal? 🌍

Antre nan Klas Eksklizif Marcus Bo a ki ap kòmanse Byento! Aprann sekrè lojistik entènasyonal yo, enkli kòman pou achte aletranje epi voye pwodwi nan yon lòt peyi tankou yon pwofesyonèl. Marcus ap montre w kijan pou agrandi biznis ou epi fè l rive nan nouvo mache!

📈 Sa w ap Aprann:

  • Mèt lojistik entènasyonal ak shipping
  • Achte pwodwi aletranje epi ekspòte avèk siksè
  • Fè biznis ou grandi mondyalman ak konsèy ekspè yo

Pa rate opòtinite sa pou leve nivo biznis ou! 📦✨

🔗 Klike  Enskri sou platfòm Kaw Academy an Koulye a epi asire w plas