Blòg
Asèlman nan lekòl: yon menas pou byennèt ak Dwa timoun yo
- 06/11/2025
- Afiche pa: Mike Bellot

Nan lekòl, menm jan ak anpil lòt kominote, anpil elèv renmen fè blag, ri ansanm epi pase bon moman. Men pandan kèk ap pran plezi, genyen lòt ki konn tris, ap kriye oswa ki fè konmsi yo kontan pou kache doulè yo. Sa anpil elèv rele blag oswa tapaj la, pafwa konn yon fom asèlman ki kapab genyen gwo konsekans sou moun k ap sibi li yo, ki kapab menm pouse yo anvi tiye tèt yo.
Asèlman nan lekòl se yon vyolasyon dwa chak timoun genyen pou yo genyen aksè ak bon jan edikasyon nan yon anviwònman ki agreyab. Nan lide pou anpeche vyolans ak asèlman nan lekòl, UNESCO yo te deklare jou jedi 6 novanm lan : « Jounen entenasyonal kont vyolans, asèlman nan lekòl ak asèlman sou entènèt. Tèm pou jounen entènasyonal ane sa se : « Lespri nimerik, aprann navige an sekirite nan espas dijital la ».
Definisyon ak fòm asèlman nan lekòl
Daprè UNESCO, asèlman nan lekòl se yon pwosesis sosyal ki gen efè negatif epi ki baze sou yon dezekilib pouvwa ki soti nan nòm sosyal oswa estrikti enstitisyonèl yo. li fèt ak konpòtman repete oswa move zak elèv, Pwofesè oubyen lot moun nan lekòl yo ki ka lakoz domaj fizik, sosyal ak emosyonèl sou yon lòt moun.
Asèlman nan lekòl kapab manifeste sou plizyè fom, tankou:
– Asèlman fizik :vyolans, kou, pouse, brimad elatriye;
– Asèlman moral: jouman, kritik, ti non gate anbarasan, menas, imilyasyon;
– Asèlman seksyèl: lè yon elèv, Pwofesè oswa lòt moun nan lekòl la ap eseye manyen yon elèv, anbrase l, dezabiye l oswa di l pawòl ki gen karaktè seksyèl.
Asèlman sou entènèt (Cyber harcèlement) nan lekòl
Genyen tou yon lòt kategori asèlman nan lekòl ki se asèlman sou entènèt. Sa rive lè moun oubyen plizyè moun nan lekòl la sèvi ak entènèt, telefòn oswa lòt zouti dijital yo pou asele lòt moun. Avèk evolisyon nouvo teknoloji ak rezo sosyal yo, Asèlman sou entènèt vin tounen youn nan fòm asèlman ki rive pi souvan nan kominote lekòl yo. asèlsman sou entènèt se lè youn oswa plizyè
endividi sèvi ak zouti elektwonik yo pou asele yon moun oswa yon gwoup moun. Asèlman sou entènèt menm jan ak tout lòt fòm asèlman yo, toujou gen yon dezekilib ant moun k ap poze aksyon ak moun k ap sibi asèlman an. Pou fòm asèlsman sa nan lekòl, se souvan elèv ki pi enfliyan, pi popilè oswa lòt moun nan lekòl yo ki gen plis otorite yo ki poze aksyon pou asele sila ki pi fèb, pi timid oswa pi rezève yo.
Nan kominote lekòl Ayiti, asèlman sou entènèt konn pran plizyè fòm tankou:
– Poste foto oswa videyo anbarasan;
– kreye fo kont sou non viktim lan ;
– pibliye rimè oswa move kòmantè sou rezo sosyal yo ;
– ankouraje lòt moun fè move kòmantè pou imilye oswa menase viktim lan.
Daprè rapò GEM “Global Education Monitoring Report” UNESCO nan lane 2024 la, 58% Tifi ak jenn fanm nan monn lan sibi asèlman sou entènèt. Poutan se selman 16% peyi ki adopte lwa pou prevni asèlman sou entènèt.
Kisa lalwa Ayiti di sou vyolans ak asèlman nan lekòl
Nan dat 20 novanm 1989, Asanble Jeneral Nasyonzini te adopte Konvansyon Entènasyonal Dwa Timoun. Konvansyon sa se yon dokiman ki fikse prensip ak lwa ki gen rapò ak Dwa timoun. Ayiti te ratifye konvansyon sa nan lane 1994. Sa vle di, Ayiti gen obligasyon pou l rèspèkte tout sa ki ekri nan konvansyon sa.
Plizyè atik nan konvansyon sa, tankou atik 2, atik 3, atik 12 elatriye denonse diskriminasyon ak asèlman nan lekòl, yo bay lekòl yo obligasyon pou aji nan enterè timoun ki viktim asèlman yo epi oblije Leta peyi yo pou pwoteje timoun yo kont tout fòm vyolans nan lekòl.
Konsekans asèlman nan lekòl sou viktim yo
Malerezman anpil elèv lekòl, Pwofesè oubyen responsab nan lekòl yo pran plezi nan fè vyolans ak asèlman sou yon lòt san yo pa konprann kantite dega konpòtman sa yo ka fè lavi moun ki viktim lan. Poutan li kapab genyen gwo konsekans sou moun ki viktim yo tankou :
– Anksyete, tristès, solitid ;
– Pwoblèm dòmi, pèdi enterè nan lekòl ;
– Febli nan nòt ak mwayèn, pèdi konfyans nan tèt li ;
– Nan anpil sikonstans, li ka vin plonje nan gwo depresyon ki ka menm rive fè l anvi tiye tèt li.
Kòman w ka ede yon timoun ki viktim asèlman nan lekòl
Daprè yon rapò UNESCO soti nan lane 2023, sou chak 3 elèv lekòl, genyen youn ki viktim asèlman. Anpil timoun ki an Ayiti ki sibi asèlman ak vyolans nan lekòl pa renmen pale sou sa ak paran yo. li enpòtan pou paran yo pote atansyon sou chanjman konpòtman lakay timoun yo epi ankouraje yo pale sou dewoulaman jounen yo nan lekòl yo.
Men kek fason ou kapab ede yon timoun ki viktim asèlman ak vyolans nan lekòl yo:
– Kreye yon espas dyalòg kote timoun lan santi li alèz pou l pale san ou pa jije l ;
– Ankouraje l pou l pale sou sa k ap pase a ak paran li, pwofese li oswa nan direksyon lekol la ;
– Denonse sitiyasyon an devan direksyon lekol la oswa otorite konpetan nan lajistis si nesesè ;
– Pèmèt li jwenn sipò pwofesyonèl tankou yon konseye oswa yon pwofesyonèl sante mantal si w remake li bezwen sa.
Asèlman nan lekòl se yon fenomèn ki la depi lontan epi ki toujou ap repete nan lekòl yo an Ayiti. Sonje byen : sa ki blag pou youn ka vin tounen asèlman pou yon lòt. Li enpòtan pou chak elèv montre respè, lanmou ak konpasyon youn pou lòt, pou lekòl yo kapab rete yon espas kote tout timoun ka aprann ak sekirite, respè, san kè sote.
Verlande CADET
SIG AK AKWONIM
UNESCO: United Nations Educational, Scientific and Cultural Organization.
GEM “Global Education Monitoring Report”