Blòg
Kaw Academy > Blòg > 6 Metye Teknik Ki Ka Chanje Lavi w nan 1 Ane oswa Mwens nan Etazini – Yon gid pa Taëlle Ruthdjina Chéry, Konseye Karyè & Rekritè
6 Metye Teknik Ki Ka Chanje Lavi w nan 1 Ane oswa Mwens nan Etazini – Yon gid pa Taëlle Ruthdjina Chéry, Konseye Karyè & Rekritè
- 02/06/2025
- Afiche pa: Mike Bellot

- Anpil imigran ki soti Ayiti rive Ozetazini ak espwa pou yon lavi miyò. Men reyalite a souvan mande solisyon pratik tankou chwazi yon metye ki pa pran anpil tan pou aprann, men ki ka pote sekirite finansyè ak estabilite rapid.
- Nan Etazini, gen metye teknik ou ka aprann nan 3 a 12 mwa sèlman, epi kòmanse touche bon lajan.
- Men kèk nan pi bon opsyon ki disponib:
- 1. HVAC Technician (Teknisyen Chofaj, È-Kondisyone, Vantilasyon)
- Travay sa a konsiste a mete ak repare sistèm tanperati ki kenbe kay, lopital, lekòl, ak biznis konfòtab. Se youn nan metye ki toujou ap chèche travayè, sitou nan zòn ki gen klima ekstrèm. Fòmasyon a dire ant 6–12 mwa.
- Lè ou fin metrize li, ou ka jwenn djòb fasil oswa lanse pwòp biznis ou. Salè mwayen an varye ant $50,000 ak $65,000 pa ane.
- 2. Welding Technician (Soudè)
- Soudè yo soudi pyès metal ansanm pou konstwi oswa repare estrikti tankou pon, machin, oswa tiyo. Se yon travay ki mande presizyon, fòs fizik, ak konsantrasyon. Fòmasyon a dire 4–8 mwa e li louvri pòt pou w travay nan konstriksyon, endistri otomobil, oswa menm militè.
- Soudè yo touche ant $45,000 ak $70,000+ pa ane, selon eksperyans ak domèn ou chwazi a.
- 3. Plumbing Technician (Plonbye)
- Plonbye yo gen yon misyon esansyèl:
- asire dlo ap sikile byen nan kay ak biznis. Yo mete ak repare tiyo, chofe dlo, ak sistèm kanalizasyon.
- Travay sa a toujou gen demann paske tout moun bezwen dlo! Fòmasyon an pran 6–12 mwa, epi ou kapab touche ant $45,000 ak $65,000+ pa ane. Anplis, anpil plonbye travay endepandan epi chwazi pwòp orè yo.
- 4. Electrician (Elektrisyen)
- Elektrisyen yo mete ak jere sistèm elektrik nan kay, bilding komèsyal, ak faktori. Se yon metye ki mande presizyon, sekirite, ak konesans teknik. Fòmasyon an dire 9–12 mwa epi, avèk lisans, ou ka touche plis. Salè mwayen an se ant $45,000 ak $60,000+, epi gen gwo demann chak ane pou pwofesyonèl kalifye nan domèn sa a.
- 5. Commercial Truck Driver (Chofè Kamyon Komèsyal)
- Si ou renmen kondwi ak dekouvri nouvo kote, sa a se youn nan pi bon chwa yo. Avèk yon lisans CDL (Commercial Driver’s License), ou ka transpòte machandiz atravè tout peyi a. Fòmasyon an pran sèlman 3–8 semèn, epi ou kapab touche ant $55,000 ak $80,000+ pa ane.
- 6. IT Support Specialist (Sèvis Teknoloji – CompTIA A+)
- Sa a se youn nan metye ki pi rapid pou antre nan teknoloji san diplòm inivèsite. Wòl ou se ede moun ak òdinatè, rezo, ak lojisyèl. Ou ka travay an pèsòn oswa a distans. Fòmasyon an pran 3–6 mwa epi salè an mwayèn se ant $45,000 ak $65,000. Se tou yon bon pwen depa pou avanse nan domèn IT si ou vle fè plis.
- Ou pa bezwen pase 4–6 ane nan lekòl pou w gen estabilite. Chak nan metye sa yo se yon chimen pratik ak rapid pou ou bati yon pi bon avni nan Etazini.
- Eskew te konnen tou kew ka komanse aprann kek metye nimewik an kreyol sou kaw Academy san kew pa deplase Klike sou lyen sa pou dekouvri kou nou yo Lyen kou nou yo
- Chanje karyè pa janm two ta!
- Taëlle Ruthdjina Chéry | LinkedIn
- Konseye Karyè\Rekritè
M renmen plonbri
Mèsi pou enfòmasyon sa nou pataje a se byen sa m menm se plonbri an m plis renmen pami yo
Kòm yon jèn ki pran inityativ pou kreye yon platfòm kote anpil jèn gason ak jèn fanm ka aprann yon kou anliy mwen felisite travay ou a e kontinye konsa nap bezwen plis moun tankouw pou pran plis risk nan tout domèn e sitou nan zafè entèn peyi a.
Salut,
Mw abite NY Long Island, Mw vrèman intéresse ak Numero 1 an , donk svp dpi sa posib pou nou kpab fèm jwen plus info Kijan m kpab fè pou tout swivi yo sa tap fèm anpil plezi, merci.
Sil vous plait est ce que pa gen l’école construction
Jwen se yon ingenieur civil
Mwen interese
Mwen entèrese ak IT an
Bonjou,
Mwen enterese ak fòmasyon sou IT support spécialist la.
Mwen ta renmen konnen Kijan sa ap fè posib pou m patisipe nan fòmasyon sa.
Mèsi
Bonswa kaw akademi
Eske nan 6 metye sa yo nou mete la yo, nou bay fòmasyon ladan yo tou?
It support specialist
Mwen felisite ak remèsye nou pou limyè nap mete sou chimen kominite a.
Si se posib, pibliye kèk link egzakt nan chak domèn sa yo ak kominite a pou nou ka enskri svp. Mèsi
Eske gen possibilité pou m aprann bagay nan opsyon ou pataje yo, si gen possibilité Mwen ta renmen pran électricité ak sèvis teknoloji
Mèsi Kawa nou avèw jiskaske nou atenn somè rèv la. Mw pami premye Etidyan ki pran fòmasyon an liy nan kaw academy.
Mw fyè de Kawa bonjan fòmasyon kap tonbe map viv etazini Mèsi anpil anpil pou enfo yo.
Si Kawa ap bay fòmasyon sa yo Kijan pou mw patisipe .
Ooh ebyen ban mal pran plonbye an pi laj ban mal fe on 2 zan lekol ankr poum tounen on engineering