Gen yon kesyon?
Mesaj voye Fèmen

Pwogram Diplòm nan Biznis Anliy ( E-commerce )

Vin yon Ekspè nan E-commerce ak Kaw Academy

Nan 2 mwa, w ap aprann tout teknik ki pi avanse yo—soti nan kreye yon Business Model Canvas, chwazi bon pwodwi sou mache a, sourcing pwodwi nan Lachin, rive nan ouvri yon konpayi Ozetazini epi kòmanse vann atravè plizyè gwo platfòm sou entènèt.

Ou vle aprann kijan pou w kreye epi lanse pwòp biznis sou entènèt?

Kaw Academy pote pou ou Pwogram Diplòm nan E-commerce Biznis, ki fèt pou fòme nouvo antreprenè e-commerce ak Konpetans ki nesesè pou reyisi nan biznis sou entènèt.
Nan 2 mwa, w ap aprann tout teknik ki pi avanse yo—soti nan kreye yon Business Model Canvas, chwazi bon pwodwi sou mache a, sourcing pwodwi nan Lachin, rive nan ouvri yon konpayi Ozetazini epi kòmanse vann atravè plizyè gwo platfòm sou entènèt.

Sa w Pral Aprann

• Kreye yon Business Model Canvas pou Biznis sou Entènèt
• Fè Rechèch sou Mache & Chwazi Pwodwi ki Gen Potansyèl
• Sourcing Pwodwi nan Lachin & Negosye ak Founisè
• Lanse yon biznis sou gwo platfòm yo: Amazon, eBay, Walmart, Facebook, TikTok Shop, Shopify
• Kreye yon LLC Ozetazini & Ouvri yon Kont Biznis
• Fason pou optimize anons ou yo & fè maketing dijital
• Jesyon envantè, livrezon & kliyan
• Automatize ak Agrandi Biznis ou pou plis pwofi

Kiyès Pwogram lan fèt pou?

• Antreprenè ki vle lanse yon biznis e-commerce
• Pwofesyonèl ki vle ajoute konpetanse-commerce sou CV yo
• Etidyan ak moun kap chèche travay nan sektè teknoloji ak komès
• Nenpòt moun ki vle aprann fè lajan sou entènèt atravè e-commerce
• Moun ki vle vinn devni Coach nan zafe biznis anliy

Poukisa w ta chwazi Kaw Academy?

• Aprann ak ekspè ki gen eksperyans nan e-commerce
• Resevwa yon diplòm rekonèt pa Ministè Edikasyon Ayiti
• Travay sou pwojè reyèl ak etid ka
• Aksè ak yon rezo eksklizif de antreprenè e-commerce
• Fòma aprantisaj fleksib ki adapte ak orè ou

Kòman pou w Enskri?

Plas yo limite! Asire w rezève plas ou jodi a epi pran premye etap la pou konstwi yon karyè siksè nan Biznis an liy. Klike sou Enskri Kounye a epi kòmanse vwayaj
ou!